Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a. Jenèz 1:1
Jenèz 3: 14-15
Jenèz 22:6-8
Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye. Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lè lè a te rive pou m' te fè ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lè jou a te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lè a rive pou n' resevwa favè Bondye a; se jòdi a menm nou ka jwenn delivrans.
'Pandan ou jenn gason an, pa janm bliye Bondye ki te kreye ou la, anvan jou malè yo rive sou ou, anvan lè a rive pou ou di: Mwen pa jwenn okenn plezi nan lavi.
Lè sa a, limyè solèy la, lalin lan ak zetwal yo ap parèt twoub twoub devan je ou. Syèl la pa janm klè. Lapli poko fin tonbe, tan an gentan mare ankò. Lè sa a, bra ou yo ki te konn pwoteje ou ap tranble. Janm ou yo ki enganm kounyeya ap febli. Ou p'ap gen dan pou kraze manje. Je ou yo ap twò fèb pou wè klè. De twou zòrèy ou yo ap bouche, ou p'ap tande sa k'ap pase nan lari. Ata gwo bri moulen ki toupre ou la, w'a tande l tou piti piti. Moun te mèt ap chante bò kote ou, w'ap tande vwa yo lwen lwen. Lè sa a, depi pipirit konmanse chante, nou gentan leve. W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari. Wi, pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan sò a kase. Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l lan.
Nan lavi a anyen pa anyen, Non, anyen pa anyen nan lavi a, Se pawòl filozòf la. Tout bagay gen pou kaba. '
Eklezyas 12:1-8